Kominote ayisyèn nan nan Paraná pat kanpe diferans de lòt eta yo nan Brezil .
- 05/06/2026
- 0 Comentário(s)
Pou selebre 223e anivèsè drapo ayisyen an kominote ayisyen nan Curitba te moutre prezans yo ,yo pat rete endiferans de lót eta yo nan peyi a tankou Brazilia ,São Paulo ak Rio de Janeiro .
Jounen 18 Me sa te gen anpil gro bagay ki te fét ak reyalizasyon teyat ,sketch ,dans fólkló ,poppilasyon nan Curitiba te apresye epi renmen travay ayisyen yo yo ap fé nan ville sa .

Te prezans depite Gomes de Oliveira Brand ki te patisipe tou ak mesye dam yo nan vil la.

Mizik te fé mikalaw nan vil la ,ayisyen soti tout kote pou vin selebre jounen 18 Me sa .
.jpeg)
Se te yon moman kote zanmi te reyini youn ak lót e te gen bel animasyon nan tout kwen vil la se te de nou yo tap pale .

.jpeg)
Nap raplew tou te gen prezans konsila ayisyen yo nan ville la .
Daprè sa istwa rapòte premye group ayisyen yo te antre Brezil nan ane 2010 aprè gro tranbleman té ki te sakaje peyi d`Ayiti nan mwa Janvye kote ayisyen yo te préske dezespwa ,yo te chwazi Brezil kòm yon dènye chans pou yo te kapab rekonstwi avni yo .
Jouk nan moman nap ekri la gen plis pase 35.000 ayisyen ki ap viv nan eta Paraná e ke kominote reprezante an 3e nan flix imigran ki genyen nan eta sa aprè venezyelyen epi paragweyen yo .
Pifó ayiyen yo chita nan Curitiba ak Foz do Iguaçu epi Cascavél .
Gro fét sila te posib ak ASHBRA, UCEPH yo te pote sipó yo bay AFRO LATINO VIBES ..
deviz nou se "L´union fait la force " nap remésye tout moun ki te patisipe ak nou pou te rann jounen sa posib nap kase randevou pou 19 Jwen kap vini kote nou pral refél ankó .

.jpg)



