FLASH / FLASH :RAPÓ FJKL SOU PREMYE MINIS ALIX DIDIER FILS-AIMÉ .

  • 08/03/2026
  • 0 Comentário(s)

FLASH / FLASH :RAPÓ FJKL SOU PREMYE MINIS ALIX DIDIER FILS-AIMÉ .

Fondasyon Je Klere (FJKL) pibliye yon rapò ki kesyone kontra gouvènman Alix Didier Fils-Aimé siyen ak konpayi Windward Wyoming LLC, ki se yon antrepriz ki lye ak Erik Prince.

Kontra sa a, ki gen yon valè anviwon 52 milyon dola ameriken pa ane, te sipoze bay sipò sekirite pou POLICE NATIONALE D´HAITI la nan batay l ap mennen kont gang yo ak pou relouvri wout yo.
Dapre FJKL, kontra a te kòmanse nan mwa mas 2025, ak itilizasyon premye dron ki te frape kèk katye gang yo kontwole.
Depi mwa avril 2025, tras premye dekèsman pou konpayi an parèt nan Direksyon Jeneral Trezò ak Kontablite Piblik nan Ministè Ekonomi ak Finans.
Ant avril ak jiyè 2025, Leta ayisyen te deja dekese 1,797,754,332 goud, sa ki reprezante anviwon 14.5 milyon dola ameriken pou sèvis konpayi Erik Prince la.
Pou mwa novanm 2025 sèlman, konpayi an te resevwa plis pase 20.8 milyon dola ameriken.
Sa fè ke nan premye **uit mwa kontra a, konpayi an te deja touche prèske 35.5 milyon dola ameriken.
FJKL fè konnen li poko jwenn enfòmasyon sou dekèsman ki fèt ant desanm 2025 ak mas 2026, men dapre estimasyon yo, kantite total ki ta peye pou kontra a ta ka rive vre nan 52 milyon dola ameriken yo te anonse a.
Sepandan, selon òganizasyon an, pifò objektif kontra a pa reyalize. Ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture toujou fèmen, okenn chèf gang pa neutralize, plizyè wout nasyonal toujou anba kontwòl gang epi aksè ak pò a toujou pa totalman retabli.
FJKL kritike tou itilizasyon dron nan katye popilè yo, paske yo estime operasyon sa yo lakòz plis domaj kolateral sou popilasyon sivil la pase sou gang yo menm.
Òganizasyon an soulve kesyon sou itilizasyon 52 milyon dola pou operasyon dron, pandan yon polisye nan peyi a touche sèlman 30,250 goud pa mwa.
Dapre kalkil yo, menm kantite lajan sa a ta ka peye salè anyèl plis pase 17,000 polisye oswa sòlda si Leta te chwazi ranfòse fòs sekirite nasyonal yo tankou Fòs Lame Ayiti (FAD’H)ak PNH.
FJKL estime tou itilizasyon mèsenè etranje pa efikas e li ka menm vin konplike operasyon sekirite yo.
FJKL mande pou gen ankèt sou kontra sa yo sitou pou konprann motivasyon moun ki te siyen yo, epi pou enstitisyon ki konbat koripsyon ansanm ak yon palman nan lavni kapab egzamine yo an pwofondè.
                                                           
                                                                         CLIFORD SAINT CYR 

#Compartilhe

0 Comentários


Deixe seu comentário








Aplicativos


Locutor no Ar

Peça Sua Música

No momento todos os nossos apresentadores estão offline, tente novamente mais tarde, obrigado!

Top 5

top1
1. TRIBILASYON

THEODORE BEAUBRUN JUNIOR

top2
2.

Vinicius

top3
3. Papa Dessalines

Papa nasyon

top4
4. Thomas Sankara

top5
5. One love

Bob Marley

Anunciantes