5 DESANM 1492-5 DESANM 2025 =533 LANE MANTI

  • 05/12/2025
  • 0 Comentário(s)

5 DESANM 1492-5 DESANM 2025  =533 LANE MANTI

1. Ouvèti

Jodi a, 5 Desanm, se yon jou ki gen yon gwo senbòl pou pèp Ayisyen an. Se anivèsè premye rankont – oubyen premye chòk – ant zile Ayiti a ak mond ewopeyen an, nan lane 1492.

Se yon dat yo te konn rakonte, pandan lontan, yo te konn fè nou etidye kòm yon bèl bagay, kòm yon "dekouvèt".

Men nou menm, Ayisyen, pitit dirèk premye endijèn zile sa a ak pitit afriken yo te depòte sou zile a, pitit premye revolisyon nèg nwè nan mond lan, nou gen dwa – e se devwa nou – pou nou mande: Kisa ki te rive tout bon nan jou 5 Desanm 1492? Se te dekouvèt oubyen se te envazyon? Epi, pi lwen toujou: kijan istwa sa a afekte moun nou ye jodi a?

2. Kijan zile a te ye anvan 1492?

Byen anvan Kristòf Kolon te mare bato li yo sou kòt Kiskeya, te gen deja yon sivilizasyon ki t ap viv, ki te konplèks, ki te espirityèl e ki te òganize sou zile a. Se te Taíno yo. Li enpòtan pou nou di sa a aklè: Zile a pa t vid. Li pa t ap tann pou yo “dekouvri” l. Taíno yo: te gen yon ekonomi dirab ki baze sou agrikilti ak lapèch; te gen yon òganizasyon politik ki òganize an kasika; yo te pwodui atizay, seramik, seremoni ak kreyasyon kozmolojik pa yo; yo t ap viv an amoni ak teritwa a – mòn, rivyè, sousdlo, forè ak lòt bagay ankò. Kidonk, 5 desanm 1492 la pa t nesans yon istwa. Men pito se te entèripsyon vyolan yon istwa ki te kòmanse depi lontan epi ki t ap byen fè chemen l.

3. Kisa ki te rive 5 Desanm 1492?

Nan dat sa a, kolon an pa t jwenn yon nouvo teritwa. Li te jwenn yon pèp. Men, li pa te respekte pèp sa. Lide li se te eskanmòte pèp sa a. Nan yon rapò kristòf kolon sou Taíno yo li te dekri yo, men kòm resous: "bon sèvitè", "bon pou travay", "bon men pou fouye lò". Se konsa anvayisè a te wè Taino yo.

Detay esansyèl: Depi kolon an rive, li plante yon kwa epi li pwoklame li pran posesyon zile a nan non peyi Espay. Li inyore totalman souvènte chèf Taíno yo ki te la a deja. Touswit apre, li kòmanse eksplwatasyon lò, travay fòse ak vyolans sou Taino yo. Konsa, nan mwens pase 30 an, pliske mwatye nan popilasyon Taíno a te ekstèmine. Epi rès la te kòmanse lage nan mawon.

4. Poukisa nou rele sa envazyon?

Zak sila a se te yon envazyon paske te genyen: enpozisyon militè, eksplwatasyon ekonomik, destriksyon kiltirèl, apropriyasyon teritwa, ak esklavaj an mas. 

5. Konsekans envazyon sa a...

Soti nan 5 Desanm 1492, nou jwenn: jenosid Taíno yo malgre yo te fè rezistans anba zòd Kawonabo ak Renn Anakawona. Answit, komès moun te kòmanse sou zile a, te vin yon ekonomi esklavajis ki te pral tounen sa ki te pi brital nan tout Amerik la.

6. Bon, kisa dat sa a vle di menm?

Antouka se pa yon dat pou fete. Pale de moman sa a se pa sèlman fè yon gade dèyè nan tan lontan. Men tou se rebati diyite nou. Se konprann kote vyolans kolonyal la soti depi 1492 ki pase nan sa yo rele okipasyon ameriken an 1915, operasyon pou demokrasi an 1994, minustah an 2004, minujusth an 2017 pou rive jouk jounen jodia nan MMAS, fòs miltinasyonal ki sou Zile depi 2023.

Donk, 5 desanm, se yon dat pou reflechi sou naratif ki toujou eseye minimize vyolans kolonyal yo. Se moman pou nou di yon chen se yon chen. Lè nou bay bagay la non li kòrèkteman, nou kase naratif kolonyal la ki toujou ap eseye fè agresè a,anvayisè a tounen ewo.Epi nou onore Taíno yo ki te sibi envazyon ak Afriken yo ki te rive sou Zile a nan chenn.

Se monan tou pou nou pran desizyon pou nou mache men nan men, kòt a kòt, tankou pitit Libète, pitit Solèy, pitit Kiskeya, pitit Bwa Kayiman. Se nan inite sa, tèt ansanm sa,nou kapab anpeche move zwazo kontinye anvayi Zile a sou pretèks yo vle vin ede nou estriktire. Ayisyen, pitit Kiskeya, moman sa se moman pou nou chak rekonnèt mal nou fè manman nou Ayiti, se moman pou nou padone tout lòt frè ak sè yo pami nou ki fè manman nou mal tou. Annou repati sou pilye sa yo:

  • Rekonèt mal ou fè Ayiti antanke ayisyen epi pa rekòmanse
  • Padone mal lòt ayisyen yo fè Ayiti
  • Sou baz padon ak konfyans nou ap rebati Ayiti pou tout pitit li.

Hervens Ceridor


#Compartilhe

0 Comentários


Deixe seu comentário








Aplicativos


Locutor no Ar

Peça Sua Música

No momento todos os nossos apresentadores estão offline, tente novamente mais tarde, obrigado!

Top 5

top1
1.

Martin Luther King

top2
2.

Vinicius

top3
3. Papa Dessalines

Papa nasyon

top4
4. Thomas Sankara

top5
5. One love

Bob Marley

Anunciantes